Byenvini

Byenvini

Byenvini fanmim, ou rive lakay ou.

Mwen rele Emmanuel, men lèw bò lakay ou met relem Manno.

Mwen kreye sit sa poum vin tire kont ak nou, epi poum bann on ti chans achete on ti souvni. Konsa lè nou deplase nou ka kenbe on ti moso lan kilti an avèk nou.

Mwen vini Etazini lèm te jèn, men mwen panse mwen pat janm kite kilti mwen. Lè mwen tap konpare ak lòt moun dyaspora laj mwen, tankou timoun ki te vin lan dyaspora pi jèn pasem, timoun ki fèt lan peyi blan ki pale enpe e ki konprann, timoun ki pa pale men ki konprann et timoun ki pat konprann anyen menm ; Mwen te santi mwen fyè se mwen ki te pi Ayisyen lan yo. Alòs, lan chita anba bouch granmoun, mwen vin reyalize gen chimen ak mòn mwen potko franchi.

Reyalizsyon sa te pran kèk tan ka anpil matirite, men li te finalman rive. Li te fèm wè sans siperyorite mwen te genyen an te san fondasyon, epi sèl sa m te rive fè se elwaye on pakèt moun ki ta vle fè pati de kilti an, men ki pat jwenn opòtinite an, oubyen ki pat leve kote sa te pèmèt.

Poutèt sa mwen la ak nou, e mwen kreye sit sa. Kounya nou ka tire kont de tanzantan, epi nou ka jwenn on ti dòz kilti nou ka pote ak nou. Ak sa mwen kite nou ak de mesaj :

1-      On gwo padon pou nou tout ki pat fèw santiw lakay ou lan pwòp kilti ou

2-      Ankò on fwa: byenvini lakay ou.

 

Na Pale – Manno

0 comments

Leave a comment

Please note, comments need to be approved before they are published.