Respè!
“Tim tim!” “bwa chèch!” tankou “lonè” “respè” se te yon apèl ki te beswen repons.
Se yon apèl ke tout timoun ki tap fè vakans ete lakay konnen trè byen. Vè fen mwa Jen, anpil moun te konn fè wout dyaspora, men te gen moun ki te konn rete lakay oubyen yo te voyew lan peyi paranw.
Si nou fon pèdi, exkizem ! Lakay nou lè ou di wal nan peyiw, sa vle di wal lan provens kote moun ou soti. Kounya ann tounen lan ti kont nou.
Lè nou tap grandi, ale nan dyaspora te bèl vayb, men kounya nan gade moman vakans m te pase lakay mwen, m rann mwen kont konbyen sa te dous. Donk pou post sa banm dekri sa pou nou.
Vakans lakay ak nan peyi manmanm te youn nan pi bèl bagay. Aktivite nou se te al nan larivyè, al sou teren plante pou keyi fwi, jwe foutbòl, jwe lago, monte pye bwa, li on liv ou fenk achte nan libreri, ak ale nan lanmè. Anpil nan sa yo pat pou tout moun an depan de mwayenw, men gen nan yo tout moun te ka aksede. Ti experyans sa yo te pemèt nou wè peyi nou on lòt jan, ke tout tan nou te konn ap pase ak ensekirite leu nou tap grandi. Se te kòmsi brigan ki tap bay pwoblèm yo te al nan vakans tou. Rezon manifestasyon an pat ale, men tout moun te pran vakans yo.
Antouka, chalè a te kon ap bat ou, men nan mitan manje anpil mango ak zoranj, jwe foutbòl tout kote, teke mab, ak bwè ji sitron nan gode byen frape, ou pa menm konnen chalè a te la.
Aprè solèy fin manyen manm ou tout jounen nan aswè se lè sa a ou nou te konn pran pi bèl filing lan. Yo te konn pote mayi ak bab pou boukannen sou recho chabon. Lè konsa pandan recho an ap limen ak bwa pen, te gen on moun ki tap vante chabon pou fèl pran dife a byen.
Pandan sa tap fèt se ouswa nou te chita ap jwe « kach kach liben » oubyen nou chita ap bay blag ak tire kont pandan nap tann pou yo di nou mayi an pare pou pran mwatye paw.
0 comments