Respè!
Bonswa lamitye, jodia m vin kontew listwa wanganègès ak relasyon li ak sit nou an.
Manmanm toujou di “chak moun gen listwa d’Ayiti yo ». Anpil nan nou ta pran sa ou yon blag granmoun epi nou kite sa, men nou patap remake ke sa lap di an se ke :chak moun gen pwòp listwa yo. Wanganègès oubyen kolibri se yon bel ti zwazo nan zile ak lòt teritwa lan Karayb la, e chak youn lan yo ou chak gwoup lan yo gen pwòp ti istwa pa yo sou zwazo an. Istwa map pote pou ou jodya a se istwa Arawak ouswa Taino ki te frekante zile yo rele Borinquen kounia Puerto Rico, ak zile Ayiti. Donk m mandew antansyonw pou suyiv kont sa a.
Sou zile yo rele Borinquen, Alida se te pitit yon chèf. Manzè te konn frekante on ti lak nan mòn Cidras ak Cayey, kote lòt zye pat rive. Kifè yon jou, lè Alida tap fon rafrechi, zye li kontre ak zye on ti jènjan ki tap chache kèk fwi lan pyebwa bò lak la. Tankou nenpòt ki jèn dam kap benyen, lè ti prensès nou an wè mouche an, ti kè li pantan paske se pat on moun li te konn wè avan lan vwazinaj lan.
Men, ann pa fè erè an panse se pou pidè. Fòk nou konprann, anpil nan tribi sa yo pat gen pwoblem nidite.
Antouka, lan rankont sa, se ouswa te gen koneksyon ouswa te gen entrig, men rezilta te ni youn ni lòt pat kouri youn pou lòt. De jèn yo te deside pale sou premye rankont, e yo te kontinye pou yon tan. Lan diskisyon yo, Alida te vin aprann non ti jènjan an: Taroo. On non Kari,b ki te yon tribi vwazen ki te atake zile a souvan. Alòs, sak te rive se ke lan youn lan atak yo, jènòm lan te pèdi e li rete deye poutèt yo pat wèl manke.
Ak tan e konvesasyon, jènjan yo vin tonbe damou. Se lan tan sa tou, on tripòt ki pat konn la, wè yo nan lak lan, epi lal pote tripotay la bay papa Alida. Chèf la pat kontan tande pitit fi li tap flannen ak on ti gason ki sot lan tribi Karib yo, e poutèt istwa yo ak Taino ki te sou zile a.
Misye te deside lan moman sa, sèl sa li ka fè se fè pitit fi li marye ak on nèg li chwazi limenm. Nan pawòl sa yo, li deside tou kenbe Alida anndan pou li pa al kontre ak Taroo pou li pa tou chape.
Lan dezespwa bèl ti Alida nou an, li prye diyite pa yo Yukiyù. Li dil: O Yukiyù, ou menm ki mèt mwen, ouswa ou touyem ouswa ou fè nenpòt saw vle avèm, men pa kitem trayi lanmou mwen ak mayaj sa”. Yukiyù te tande pryè a e li te transfòme Alida an on flè wouj.
Kèk jou pase, Taroo tap tann lanmou kè li vin wèl nan menm plas yo te konn kontre an. Lalin ki te wèl ap soufri te pran kè poul dil : « pitit mwen, Alida pap vin wèw ankò. Papa li te deside lap fòsel maye ak on lòt moun donk li te mande Yukiyù ede li sove. Pou li ede Alida li transfòme li an on flè wouj.”
“O manman lalin, an ki flè li transfòme ?” ; “Pitit mwen, sèl Yukiyù ki konnen kiyès Alida ye”
Sou sa, Taroo rele dèyè met ti kè li : « Yukiyù, se ou ki sove nanm mwen, Souple ! Ede mwen reyini ak li ankò «
Yukiyù te pran kè pou ti Taroo e li transfòme li an yon ti zwazo ak on bèl plimaj vè epi li dil: « Men pitit mwen, kounya ou se Kolibri, al chache lanmouw lan pyebwa ki nan vilaj lan »
Se pou sa jouk kounya wap wè wanganègès plis atire ak flè wouj.
Kounia, anpil nan nou ap poze tèt nou on kesyon: “Kote pawòl Wanganègès sa soti ?’’. Ebyen, wanganègès se non nou Ayisyen bay ti zwazo an. Wanganègès se on zwazo ak on plimaj ki parèt nwa, jouk soley pase sou li epi ou wè li nan tout koulèl. Donk poutèt aparans li ak mouveman li, nou Ayisyen rele li wanga (cham) nègès (fanm nwa).
Nan lakou lakay mwen, te plen pyebwa choublak, kifè imaj wanganègès sou flè choublak te on bay m wè souvan. Sa fè ke lè mwen te deside kreye plas sa, on wanganègès sou yon flè choublak te youn lan imaj ki te reprezante non kompani an : Bò Lakay.
Sou sa m remèsye nou pou atansyon nou. Na wè talè.
Manno.
0 comments